top of page
Bible+Class+Event.jpg
PM_HomePage_Logo_Horizontal-01_edited.pn

Se Li menm n ap pwoklame a, lè n ap avèti epi anseye tout moun avèk tout sajès, pou nou ka prezante tout moun ki vin gen matirite nan Kris la.

Kolosyen 1:28

MISYON NOU AK VIZYON NOU

Misyon nou se pou nou pwoklame Levanjil Jezikri a avèk pwisans, pou nou ankouraje yon lavi ki sen, epi pou nou prepare ak ekipe pèp Bondye a pou travay ministè a, avèk yon objektif pou transfòme Legliz la atravè adorasyon Bondye. Nou rele misyon sa a "Misyon 3P".

​

Vizyon nou se pou kreye ak kiltive yon atmosfè pou vin adore ak jwenn refij espirityèl, kote kominote Ayisyen Kap Coral la ka tande Levanjil la, fè eksperyans pouvwa transfòmasyon Sentespri a, epi ekipe yo pou pote limyè Kris la nan mond lan. Yon kote nanm pèdi yo ka jwenn Kris la, kote kwayan yo ka grandi nan sentete, epi kote chak disip ka gen mwayen pou akonpli ministè Bondye konfye yo a. Pou nou vin yon kay espirityèl vivan.

PASYON NOU

Pasyon nou se anseye avèk fèvè, kominike Pawòl Bondye a klèman pou revele verite ki pa chanje nan Bib la, bay pèp li a epi ekipe yo pou yo kontinye travay ministè a. Ba yo konesans biblik ansanm ak yon konpreyansyon sou dezi Bondye genyen pou pèp li a: pou yo viv pa lafwa, pou yo grandi nan entimite avèk Li, epi pou yo adore Li nan lespri ak nan verite.

​

Nou akonpli sa lè nou transfòme moun ki pèdi yo an disip Jezikri. Ministè nou an se yon bagay ki konplè; li adrese tout moun, nan lespri yo, nanm yo, ak kò yo.

BIENVINI SOU PROMOGOS MINISTRIES

Yon legliz pou kominote Ayisyen an, ki nan Cape Coral

Ke Pastè Julio J. Papin ap dirije

Giving-Back

FE YON DON POU PROMOGOS MINISTRIES

Vizite Nou

2421 NW 9th Street

Cape Coral, FL 33993

Telefòn: (941) 275-2982

Lè Rankont Nou Yo

SEVIS ADORASYON

Dimanch: 09:00 - 10:30 (Nan Maten)

ETID BIBLIK

Mèkredi: 07:00 - 08:30 (Nan Aswè)

REYINYON PRIYE

Lendi: 07:00 - 08:00 (Nan Aswè)

Swiv Nou
  • Facebook
  • Instagram
  • YouTube
  • Twitter
  • TikTok

NOU SE YON LEGLIZ AYISYEN, YON KOMINOTE KWAYAN

© 2026 Promogos Ministries • TouT Dwa Rezève • Imagit Advertising

bottom of page